top of page

APÈL POU SÈVI

​

*!!! ANONS – APÈL POU SÈVI !!!*

17/11/2022
 

*Lik 10:2*

Li di yo: Rekòt la anpil, men pa gen ase travayè pou ranmase li. Mande mèt jaden an pou l' voye travayè nan jaden l' lan.

 

Bonjou Chè Byenneme,

Legliz Tabènak vle enfòme tout manm legliz li yo ak gwoup WhatsApp li yo sou opòtinite sa yo pou sèvi wayòm Bondye a nan diferan domèn Senyè a beni w. Nan 72 èdtan gen kèk POZISYON VOLONTÈ POU SÈVI kò Kris la atravè Ministè Legliz Tabènak ki pral afiche sou gwoup yo. Tanpri pran yon ti moman pou w nan lapriyè konsidere sèvi kò kwayan sa a. Nou ap tann patisipasyon kè kontan ou anvan dat delè ki endike a. Nou ta renmen gen repons ou nan mwens ke 3 jou, si posib.

 

*Matye 7:7*

Mande, y'a ban nou. Chache, n'a jwenn. Frape, y'a louvri pou nou.

 

Kòm Legliz Tabènak ap mande w pou w sèvi ansanm ak li, li an menm tan ap mande w pou konsidere envitasyon sa ak lapriyè pou w ka bay kò Kris la yon kout men.

Gen kondisyon lang pou chak nan pozisyon yo. Egzijans lang Anglè a pa vle di ou dwe metrize lang nan, jis pou ou abitye ak lang nan. Se pa tout pozisyon ki mande familyarite sa, men li toujou pi bon si li posib. Tanpri pa kite sa anpeche w ofri sèvis ou.

Si w gen nenpòt kesyon sou pozisyon an, tanpri kontakte m dirèkteman an prive via WhatsApp. Mwen ap plis ke kontan pou reponn kesyon ou yo.

Anvan ou ale, nou vle ou medite sou pawòl Seyè nou an.

 

*1 Pyè 4:10-11*

Chak moun dwe pran kado Bondye ba yo a pou yo rann lòt yo sèvis. Konsa, tankou bon jeran, n'a pran kado Bondye yo, ki divès kalite, n'a fè yo travay. Si yon moun ap pale, se pou l' pale tankou si se te pawòl Bondye li t'ap di. Si yon moun ap rann sèvis, se pou li fè l' ak fòs Bondye ba li. Konsa, nan tout bagay lwanj lan va pou Bondye, gremesi Jezikri. Se pou Jezikri tout lwanj ak tout pouvwa pou tout tan.

Amèn.

CALL TO SERVE

 

*!!! ANNOUNCEMENT – CALL TO SERVE !!!*

11/17/2022


*Luke 10:2*

He told them, “The harvest is plentiful, but the workers are few. Ask the Lord of the harvest, therefore, to send out workers into his harvest field.

 

Greetings dear Beloved,

Tabernacle of Grace Church wants to inform all of its Church and WhatsApp group members of the following opportunities to serve the kingdom of God in different areas that the Lord has blessed you. Within 72 hours a few BENEVOLENT POSITIONS TO SERVE the body of Christ through Tabernacle of Grace Church Ministry will be posted. Please take a moment to prayerfully consider serving this body of believer. We are awaiting your enthusiastic participation by the deadline indicated. We would like to have your response within 3 days if possible.

 

*Matthew 7:7*

“Ask and it will be given to you; seek and you will find; knock and the door will be opened to you.


As Tabernacle of Grace Church is asking you to serve alongside, it is equally asking you to prayerfully consider in order to lend a helping hand to the body of believer.

There are language requirements for each of the positions. The English language requirement does not mean you have to master the language, just so you are familiar with the language. Not all positions require that familiarity, but it is always preferred if it is possible. Please do not let that prevent you from offering your service.

If you have any question about the position, please contact me directly in private via WhatsApp. I will be more than happy to answer your questions.

Before you leave, we want you to meditate on this word from our Lord.

 

*1 Peter 4:10-11*

Each of you should use whatever gift you have received to serve others, as faithful stewards of God’s grace in its various forms. 11 If anyone speaks, they should do so as one who speaks the very words of God. If anyone serves, they should do so with the strength God provides, so that in all things God may be praised through Jesus Christ. To him be the glory and the power for ever and ever.

Amen.

bottom of page